Si mwen te gen pouvwa yon prezidan an Ayiti, 5 premye aksyon mwen t’ap poze
1 min read
#1 Se revoke jij koronpi yo. Epi entegre sa ki onèt, ba yo bonjan mwayen ak proteksyon pou travay.
#2 Transfere Jean Ernst Muscadin Potoprens aprè mwen fin nome yon bon direktè Lapolis epi byen ankadre vanyan polisye nou yo.
#3 Mwen tap bloke provizwaman TikTok, WhatsApp, Facebook…Sou tout telefòn epi entèdi Laprès nan operasyon yo.
#4 Mwen tap fèmen frontyè atè, anlè, sou lanmè ak rapò diplomatik nou gen ak kèk peyi provizwaman.
#5 Mwen tap bay tout kriminèl yo 72h pou remèt tout zam yo, avan operasyon bout di an fèt. Yon moun ki trafikan zam, ògàn, ou ki nan koripsyon elatriye… t’ap sibi menm sò ak gang ame k’ap fè rebèl yo pou nou rive sove peyi nou.
Djovany Michel, journaliste anti-corruption
Manager et Rédacteur en chef chez Satellite509
Journaliste anti-corruption